24
Pa anvye sò moun ki mechan yo,
Pa anvi fè kò ak yo.
2 Paske,
kè yo medite dezas,
Bouch yo lakòz soufrans.
3 Se ak lasajès ou bati yon kay;
Se ak bon konprann ou tabli l.
4 Se ak konesans ou ranpli chanm yo
Ak byen ki koute chè e ki bay plezi.
5 Yon nonm saj ranpli ak fòs,
Epi moun ki gen konesans ogmante kouraj li.
6 Paske,
ak bon planifikasyon w ap ka fè lagè,
Epi gen delivrans nan anpil konseye.
7 Lasajès twò wo pou moun san konprann;
Moun sa a pa louvri bouch li nan pòt la.
8 Moun ki gen plan pou fè mal,
Yo rele mèt malveyan.
9 Planifye foli se peche,
Epi moun deteste mokè.
10 Si ou vin fèb nan jou detrès,
Fòs ou diminye.
11 Delivre moun yo pral tiye;
Epànye yo moun y ap trennen pou asasinen yo!
12 Si ou di:
Aa!
Nou pa t konnen!
Sila a ki peze kè nan balans,
èske l pa wè sa?
Moun k ap veye sou lavi w la,
èske l pa konnen sa?
Èske l p ap peye tout moun daprè sa yo te fè?
13 Pitit mwen,
bwè siwo myèl,
paske li bon.
Yon gato myèl bon nan bouch ou.
14 Konsa tou,
se pou konnen lasajès pou lavi w;
Si ou jwenn li,
ap gen yon avni;
Yo p ap retire espwa ou.
15 Mechan,
pa tann anbiskad devan kay jis la;
Pa devaste kote l rete a.
16 Paske,
jis la tonbe sèt fwa,
li leve.
Men,
mechan yo bite nan tan dezas.
17 Pa rejwi,
si lènmi ou tonbe;
Pa fè kè w kontan,
lè l bite;
18 Sinon,
Letènèl ap wè sa,
l ap fache,
L ap detounen kòlè l sou lènmi ou.
19 Pa fache kont moun k ap fè mal;
Pa rayi sò mechan yo.
20 Paske,
pa gen avni pou mechan an,
Lanp mechan yo pral etenn.
21 Pitit mwen,
gen krentif pou Letènèl,
epi pou wa a.
Pa mele ak moun k ap chanje lide tout tan.
22 Paske,
dezas yo ap vini sanzatann,
E kilès ki konnen chatiman youn oubyen lòt?
Lòt pwovèb moun ki saj
23 Men yon lòt bagay ki soti nan saj yo:
Lè w ap jije,
li pa bon pou fè paspouki pou pèsonn.
24 Moun ki di mechan:
Ou jis!
Pèp yo modi l;
nasyon endiye kont li.
25 Men,
pou moun ki reprimande l,
se byen.
E benediksyon vin sou yo pou bonè yo.
26 Yon bon repons,
Se tankou yon bo sou bouch.
27 Prepare travay ou deyò,
Òganize teren ou;
Apre,
w a bati kay ou.
28 Pa temwaye kont pwochen ou san rezon;
Èske ou ta vle twonpe moun ak bouch ou?
29 Pa di:
Jan l te fè m nan,
se konsa m ap fè l tou;
M ap peye chak moun daprè sa yo te fè.
30 Mwen te pase toupre jaden yon parese,
Toupre jaden rezen yon nonm ki san konprann.
31 Gade!
Pikan pouse toupatou;
Move zèb kouvri tè a;
Miray an wòch la tonbe.
32 Mwen gade,
epi mwen reflechi nan kè m;
Mwen wè,
epi mwen pran enstriksyon:
33 Yon ti dòmi,
yon ti lasoupi,
Yon ti kwaze men pou dòmi!
...
34 Epi povrete ap vin sou ou tankou yon vagabon,
Dizèt ap vin sou ou tankou yon nonm ame.