23
Si ou chita atab ak yon notab,
Fè anpil atansyon ak sa ki devan ou.
2 Mete yon kouto nan gòj ou,
Si ou gen twòp apeti.
3 Pa pote lanvi sou friyandiz li;
Se manje ki twonpe moun yo ye.
4 Pa kase tèt ou pou w vin rich;
Sispann panse sou sa.
5 Je w ap kouri dèyè richès,
epi anyen!
Paske,
richès pouse zèl;
Li vole nan lèzè tankou malfini.
6 Pa manje pen moun move je,
Pa pote lanvi sou friyandiz li.
7 Paske,
jan li panse nan kè li,
se konsa l ye.
L ap di w:
Manje!
Bwè!
Men,
kè l pa avè w.
8 W ap vomi moso ou te manje a,
E w ap pèdi bèl pawòl ou yo.
9 Pa pale pou moun san konprann tande,
Paske,
l ap meprize bon sans pawòl ou.
10 Pa deplase bòn ki ansyen;
Pa antre nan jaden òfelen yo.
11 Paske,
moun k ap rachte yo a pisan,
L ap defann kòz yo kont ou.
12 Dispoze kè w pou koreksyon,
Pare zòrèy ou pou pawòl konesans.
13 Pa epànye yon tigason de koreksyon;
Si ou frape l ak fwèt,
li p ap mouri pou sa.
14 Lè ou bat li ak fwèt,
W ap delivre nanm li anba peyi-mò.
15 Pitit mwen,
si kè w saj,
Kè m ap kontan tou.
16 Wi,
zantray mwen ap rejwi anpil,
Lè bouch ou di sa ki dwat.
17 Pa kite kè w anvye pechè yo,
Men,
se pou l toujou gen krentif pou Letènèl.
18 Paske,
gen jou k ap vini;
Espwa ou p ap disparèt.
19 Pitit mwen,
tande epi vin saj;
Dirije kè w nan chemen ki dwat.
20 Pa rete pami moun k ap soule tèt yo ak diven,
Pami moun k ap fè eksè nan vyann.
21 Paske,
tafyatè a ak moun ki saf ap vin pòv,
Epi kabicha fè moun mete ranyon.
22 Tande papa w,
limenm ki te fè w;
Pa meprize manman w lè l vin vye.
23 Achte laverite,
men pa vann li;
Wi,
achte lasajès,
enstriksyon ak bon konprann.
24 Papa moun ki jis nan gwo kontantman,
Moun ki fè yon moun saj ap kontan pou li.
25 Se pou papa w ak manman w rejwi,
Se pou moun ki te pote w la rejwi anpil!
26 Pitit mwen,
ban mwen kè ou,
Se pou je w pran plezi nan chemen m.
27 Paske fi pwostitiye a se yon twou fon,
Fi adiltè a se yon pi etwat.
28 L ap tann tankou yon brigan,
Li ogmante trèt yo pami lèzòm.
29 Ki moun ki di:
Aa!
Ki moun ki di:
Elas!
Pou ki moun kont ye?
Pou ki moun plent ye?
Pou ki moun blese san rezon ye?
Pou ki moun je wouj ye?
30 Moun mize kote diven,
Moun ki pral bwè diven melanje.
31 Pa gade diven an lè l wouj,
Lè l tankou bijou nan gode a,
Lè l koule fasil.
32 Alafen l ap mòde tankou sèpan,
L ap pike tankou yon sèpan aspik.
33 Je w ap wè bagay kòwonpi,
Kè w ap pale yon fason ki kòwonpi.
34 W ap vin tankou yon nonm ki kouche nan mitan lanmè,
Tankou yon nonm ki kouche sou ma yon bato.
35 Yo frape m,
sa pa fè m mal;
Yo bat mwen,
m pa santi anyen.
Kilè m ap reveye pou m ka chèche l ankò?