Pawòl Agou
30
Men pawòl ak diskou Agou,
pitit Jake.
Deklarasyon mesye sa a te fè pou Ityèl,
pou Ityèl ak Oukal.
2 Se vre,
se mwen ki pi sòt pase tout moun,
Epi mwen pa gen entèlijans yon moun.
3 Mwen pa t aprann lasajès,
E mwen pa gen konesans Moun ki sen an.
4 Ki moun ki monte nan syèl,
epi ki soti nan syèl?
Ki moun ki janm kenbe van nan men l?
Ki moun ki ka kenbe dlo yo nan yon rad?
Ki moun ki fè dènye pwent latè parèt?
Kòman li rele;
kòman pitit li a rele,
si ou konnen?
5 Tout pawòl Bondye san fot,
Li se yon boukliye pou moun ki chèche refij nan li.
6 Pa ajoute anyen sou pawòl li,
Pou l pa reprimande w,
pou l pa jwenn ou mantè.
7 Gen de bagay mwen mande ou,
Pa refize m yo anvan m mouri:
8 Fè m rete lwen vanite ak pawòl manti;
Pa kite m pòv,
pa kite m rich,
Ban m sa m bezwen pou m manje;
9 Pou mwen pa nye w,
lè m nan labondans,
Pou mwen pa di:
Kiyès Letènèl ye?
Oubyen lè m nan afè pa bon,
pou m pa vòlè,
Pou m pa dezonore non Bondye.
10 Pa pale yon sèvitè mal devan mèt li,
Pou l pa modi ou,
pou w pa kondane tèt ou.
11 Gen yon jenerasyon ki modi papa l,
Ki pa beni manman l.
12 Gen yon jenerasyon ki pwòp nan je pa li,
Epi ki poko lave nan salte l.
13 Gen yon jenerasyon ki gen je awogan;
Epi popyè je yo gonfle.
14 Gen yon jenerasyon,
dan yo se epe;
Dan nan machwè yo se kouto,
Pou devore malere sou latè,
Ak pòv yo pami lèzòm.
15 Sansi gen de pitit fi:
Bay!
Bay!
Gen twa bagay ki pa janm satisfè:
Gen kat bagay ki pa janm di:
Ase!
16 Peyi-mò,
fanm ki pa ka fè pitit,
Latè ki pa satisfè ak dlo,
Epi dife ki pa janm di:
Ase!
17 Je ki meprize yon papa,
Ki rayi obeyisans li dwe yon manman,
Kònèy ravin ap pèse l,
Pitit malfini ap devore l.
18 Gen twa bagay ki twò di pou m konprann,
E menm kat bagay mwen pa konnen:
19 Se tras malfini nan syèl,
Tras sèpan sou wòch,
Tras bato nan mitan lanmè,
Tras yon mesye kay yon jèn fi.
20 Men chemen fi adiltè a:
Li manje,
li siye bouch li.
Epi li di:
Mwen pa fè anyen ki mal.
21 Gen twa bagay ki fè latè tranble;
Gen kat bagay ki fè l pa ka sipòte:
22 Yon esklav ki vin wa,
Yon moun san konprann ki rasazye ak pen;
23 Yon fanm meprizab ki marye,
E yon sèvant ki pran plas mètrès li.
24 Gen kat bèt ki pi piti sou latè,
Men ki pi saj:
25 Gen foumi,
yon pèp san fòs,
Ki prepare manje yo pandan sezon lete.
26 Gen daman,
yon pèp san pisans,
Yo bati kay yo nan twou wòch.
27 Gen krikèt abe,
yo pa gen wa,
Men yo tout deplase an gwoup.
28 Gen zandolit ou ka pran nan men w,
Men ou jwenn li tou nan palè wa.
29 Gen twa bagay ki bèl lè y ap mache,
E gen kat ki bèl nan jan yo deplase:
30 Se lyon ki pi vanyan nan tout bèt yo,
Ki pa janm fè bak devan anyen;
31 Se cheval sele bride;
bouk kabrit;
Ak wa a,
lè lame l avè l.
32 Si awogans fè w vin fou,
Si ou gen move lide,
Mete men w sou bouch ou.
33 Lè w bat lèt,
li ba ou krèm,
Lè w peze nen w fò,
li bay san,
Lè w pouse kòlè w,
li bay zizani.