21
Kè wa a se yon kanal dlo nan men Letènèl;
Li dirije l kote l vle.
2 Tout chemen yon nonm parèt dwat nan je pa li,
Men,
moun ki peze kè nan balans se Letènèl.
3 Pou Letènèl,
pratike ladwati ak jistis
Pi bon pase sakrifis.
4 Moun ki gen je awogan ak kè anfle,
Lanp mechan yo,
se peche ase.
5 Pwojè yon nonm aktif mennen nan labondans,
Men,
moun ki prese aji ap rive dwat nan dizèt.
6 Richès ou genyen ak lang k ap bay manti,
Se vanite k ap pase;
se pou moun k ap chèche lanmò li ye.
7 Vyolans mechan yo pote yo ale,
Paske,
yo refize pratike jistis.
8 Moun ki koupab suiv chemen kwochi,
Men,
aksyon moun ki inosan yo dwat.
9 Pito w rete nan kwen yon do kay,
Pase pou w abite ak yon dam ki toujou ap fè kont.
10 Nanm mechan an anvi fè mal,
Menm zanmi l pa jwenn gras devan li.
11 Lè yo pini mokè yo,
moun sòt vin saj.
Lè ou enstui moun ki saj,
li resevwa konesans.
12 Jis la egzamine kay mechan an;
Letènèl jete mechan an nan malè.
13 Moun ki bouche zòrèy pou l pa tande rèl pòv yo,
Gen pou l kriye,
men pèsonn p ap tande l.
14 Yon kado ou bay an sekrè kalme kòlè,
Yon kado kache anba manto kalme gwo kòlè.
15 Pratike jistis se yon jwa pou jis la,
Men,
se latèrè pou moun k ap fè mal.
16 Moun ki pase lwen chemen bon konprann.
Repoze nan asanble mò yo.
17 Moun ki renmen plezi rete pòv,
Moun ki renmen diven ak luil p ap rich.
18 Mechan sèvi pou peye nan plas moun ki jis,
E moun trèt pase nan plas moun ki dwat.
19 Pito w abite nan yon peyi dezè,
Pase pou w abite ak yon dam k ap fè kont e ki toujou ap fache.
20 Gen trezò ak luil lakay moun ki saj,
Men,
moun egare anglouti yo.
21 Moun k ap suiv jistis ak fidelite
Jwenn lavi,
jistis ak glwa.
22 Moun saj la monte nan vil vanyan gason yo,
Li kraze fòs yo te met konfyans yo ladan an.
23 Moun ki veye bouch li ak lang li
Prezève nanm li anba malè.
24 Moun ki gen lògèy,
ki awogan,
rele mokè,
Li aji ak kòlè awogans.
25 Anvi parese a fè l mouri,
Paske,
men l refize travay.
26 Li anvi gen pi plis chak jou,
Men,
jis la bay san gade dèyè.
27 Sakrifis mechan yo se bagay detestab,
Ou pa bezwen mande lè yo ofri l ak mechanste!
28 Temwen k ap bay manti ap disparèt.
Men,
moun ki tande ap toujou pale.
29 Mechan an fè figi l di,
Men,
moun ki dwat pare chemen l.
30 Pa gen sajès,
ni entèlijans,
Ni bon konprann ki ka reziste kont Letènèl.
31 Cheval la pare pou jou batay la,
Men,
batay la se pou Letènèl.