18
Moun ki izole tèt li ap suiv lanvi li,
Li dechennen kont tout bon jijman.
2 Moun egare pa pran plezi nan entèlijans,
Sof nan sa kè yo dikte yo.
3 Lè mechan vini,
mepriz vini tou;
Konsa,
dezonè vini ak lawont.
4 Pawòl ki soti nan bouch yon nonm se dlo fon,
Sous lasajès se yon gwo ravin k ap koule.
5 Li pa bon pou w fè patipri pou mechan an
Dekwa pou w bay jis la tò nan jijman.
6 Bouch moun egare antre nan dispit,
Bouch li ap mande pou bay kou.
7 Bouch moun san konprann mennen l nan dezas,
Bouch li se yon pyèj pou lavi l.
8 Pawòl moun ki rapòtè tankou friyandiz,
Yo desann jis nan fon zantray.
9 Moun k ap fè parese nan travay li
Se frè sila a k ap detui.
10 Non Letènèl se yon fò solid,
Jis la kouri la epi li jwenn sekirite.
11 Pou moun ki rich la,
richès li se yon vil ki gen ranpa,
Nan imajinasyon l,
se yon miray ki wo anpil.
12 Kè awogan anvan dezas,
Men,
imilite vin anvan laglwa.
13 Moun ki reponn anvan l tande
Aji ak foli e li rale wont sou li.
14 Lespri lòm kenbe l nan maladi;
Men,
yon lespri dekouraje,
kilès ki ka sipòte l?
15 Yon kè ki gen bon konprann chèche gen konesans,
E zòrèy saj la chèche konesans.
16 Kado yon nonm louvri pòt pou li,
Yo mennen l devan gran yo.
17 Moun ki plede kòz li an premye a parèt jis,
Men,
lè lòt moun nan vini,
li egzamine l.
18 Tirajosò fè diskisyon fini,
Li deside ant moun ki fò yo.
19 Yon frè ou fè fache pi rèd pou pran pase yon vil ki gen ranpa,
E dispit tankou baryè yon palè.
20 Se ak fwi bouch li lòm plen vant li,
Se sa bouch li bay ki satisfè l.
21 Lanmò ak lavi anba pouvwa lang,
Moun ki renmen lang ap manje fwi li.
22 Moun ki jwenn yon madanm jwenn bonè,
Li jwenn favè Letènèl.
23 Pòv la pale nan tanpri souple,
Men,
moun rich reponn rèd.
24 Moun ki gen zanmi ka genyen yo pou malè l,
Men,
gen zanmi ki pi pre w pase yon frè.