16
Pwojè moun fè depann de lòm,
Men repons lang bay soti nan Letènèl.
2 Tout chemen yon nonm pwòp nan je pa li,
Men moun ki peze lespri yo nan balans se Letènèl.
3 Remèt travay ou yo bay Letènèl,
Epi pwojè w yo ap reyalize.
4 Letènèl fè tout bagay pou yon bi,
Menm mechan an pou jou malè.
5 Tout kè ki awogan se abominasyon devan Letènèl;
Se sèten,
li p ap rete san pinisyon.
6 Se nan bonte ak laverite ou padone inikite,
Men,
krentif pou Letènèl fè ou rete lwen peche.
7 Lè chemen yon nonm fè Letènèl plezi,
Li fè menm lènmi l dispoze viv byen avè l.
8 Pito ou gen ti kal byen nan jistis,
Pase pou w gen anpil byen nan lenjistis.
9 Kè lòm planifye chemen li,
Men,
se Letènèl ki dirije kote l prale.
10 Nan bouch wa a,
gen desizyon ki soti nan Bondye:
Nan jijman an pa dwe gen trayizon nan bouch li.
11 Balans ak plato ki jis se pou Letènèl,
Tout pèz sak la se travay li.
12 Mechanste bay wa yo repiyans,
Paske,
se ak jistis moun fè twòn fèm.
13 Bouch moun ki jis jwenn favè wa,
E moun renmen sila a ki pale dwat.
14 Kòlè wa a se mesaje lanmò,
Men,
yon nonm saj kapab fè l kalme.
15 Lè kontantman klere vizaj wa a,
se lavi,
Favè li tankou nyaj lapli nan sezon prentan.
16 Ala miyò chèche lasajès miyò pase lò!
Ala miyò chèche bon konprann miyò pase lajan!
17 Rete lwen mal se wout moun ki dwat;
Yon moun ki veye sou chemen li prezève nanm li.
18 Awogans vin anvan dezas,
Epi lògèy vin anvan so.
19 Pito ou rete nan imilite ak pòv yo,
Pase pou w pataje sa moun pran nan lagè ak awogan yo.
20 Moun ki reflechi sou yon pawòl jwenn bonè,
E moun ki mete konfyans yo nan Letènèl beni.
21 Moun ki saj nan kè li,
yo di l entèlijan,
E bouch ki dous ogmante konesans.
22 Bon konprann se yon sous lavi pou moun ki genyen l,
Men foli,
se chatiman pou moun san konprann.
23 Moun ki saj nan kè li aprann bouch li lasajès,
E li ogmante konesans nan bouch li.
24 Diskou ki fè moun plezi se yon gato myèl,
Li dous pou nanm e se yon remèd pou kò a.
25 Yon chemen ka parèt dwat pou yon nonm,
Epi alafen li mennen nan chemen lanmò.
26 Moun ki travay,
travay pou tèt li,
Paske,
bouch li eksite l.
27 Voryen fouye twou malè,
Epi Bouch li tankou yon dife devoran.
28 Moun ki kòwonpi eksite dispit,
Moun ki rapòtè divize bon zanmi.
29 Moun ki vyolan sedui pwochen li,
Li fè l mache nan yon chemen ki pa bon.
30 Moun ki fèmen je l pou l fè konplo kòripsyon,
Moun ki mòde po bouch li,
deja komèt mal la.
31 Cheve blan se yon bèl kouwòn,
Se nan chemen jistis ou jwenn li.
32 Moun ki lan pou fè kòlè vo plis pase yon vanyan gason,
E moun ki kontwole lespri yo vo plis pase moun ki pran yon vil.
33 Tirajosò tonbe sou ke rad,
Men tout desizyon soti nan Letènèl.