Li bon pou nou louwe Letènèl
92
Yon sòm,
yon kantik.
Pou jou saba a.
2 O Bondye Trè wo,
li bon pou n louwe Letènèl,
Pou n selebre non ou,
3 Pou fè konnen bonte ou nan maten,
Ak fidelite ou pandan lannuit,
4 Sou enstriman a dis kòd,
sou gita,
Ak son hap.
 
5 Paske,
o Letènèl,
ou fè m rejwi ak zèv ou.
Mwen chante ak gwo kontantman travay men ou yo.
6 O Letènèl,
ala gran zèv ou yo gran!
Ala pwofon panse ou yo pwofon anpil!
7 Moun san konprann pa konnen anyen ladan,
Moun fou pa konnen anyen nan sa.
8 Si mechan yo grandi tankou zèb,
Si tout sila yo ki fè mal fleri,
Se pou yo ka disparèt pou letènite.
9 Men,
ou menm,
o Letènèl,
Ou egzalte pou letènite.
10 Paske,
o Letènèl,
gade lènmi w yo,
Gade!
Lènmi w yo peri.
Tout moun k ap komèt inikite yo dispèse.
 
11 Men,
ou ogmante fòs mwen,
tankou fòs yon towo.
Ou awoze m ak yon luil fre.
12 Je m kontan gade lènmi m yo,
Zòrèy mwen ap tande
Mechan yo ki leve kont mwen.
13 Jis la ap pouse tankou palmis,
Li monte tankou yon pye sèd nan Liban.
14 Jis yo plante lakay Letènèl,
Yo fleri nan lakou Bondye nou an.
15 Yo toujou pote fwi menm nan vyeyès yo,
Yo plen sèv,
yo byen vèt,
16 Pou fè konnen jan Letènèl dwat.
Li se woche mwen,
pa gen inikite nan li.